Tout moun fè adorasyon. Gen moun ki adore yon bagay, gen moun ki adore yon lòt moun, gen moun ki adore yon imaj, e gen lòt moun ki adore tèt yo. Yo demontre devosyon yo pou dye yo nan plizyè fason. Pandan tout moun sa yo bay devosyon yo devan dye sa yo, yo toujou gen yon dezi ak yon anvi nan kè yo. Moun sa yo ka sèlman jwenn yon soulajman tanporè pou kri nanm yo ak yon ti ti kouraj pou fè fas ak demen. Sa fè yo tris lè yo wè fiti yo sanble menm jan ak jou pase yo. Dye y ap sèvi a pa kapab ranpli espas vid sa nan lavi yo.
April 2, 2024 in Jezi 3 minutes
“Yo pote kèk timoun bay Jezi, pou li touche yo. Men disip yo te repwoche moun yo ki te prezante yo. Lè Jezi wè sa, sa te endiye l, li di yo: Kite timoun yo vin jwenn mwen, e pa anpeche yo; paske wayòm Bondye a se pou moun ki sanble avèk yo. Mwen di nou sa an verite, nenpòt moun ki pa resevwa wayòm Bondye a tankou yon timoun p ap antre ladan li. Epi li pran timoun yo nan bra li, li etann men li sou yo, e li beni yo” (Mak 10:13-16).
April 2, 2024 in Jezi, Web-Only-Paragraph 6 minutes
Yon jou, pa t gen anyen sou latè. Pa t gen pwason. Pa t gen zetwal nan syèl la. Pa t gen lanmè, e pa t gen bèl flè. Tout espas la te vid e fènwa. Men Bondye te la. Bondye te gen yon plan mèveye. Li te panse sou yon bèl lemonn, e pandan li t ap panse, li te fè l. Li te fè l san anyen. Lè Bondye te kreye yon bagay, Li te di, “Se pou li fèt,” e li te fèt!
April 2, 2024 in Jezi 4 minutes
Èske ou konnen gen yon Moun ki konnen tout bagay de ou? Se Bondye ki te kreye lemonn ak tout sa ki ladann. Jezi, Pitit Bondye a, konnen tout bagay ou fè. Li konnen tout sa ki te pase nan tan lontan, sa k ap pase jodiya, ak sa ki pral rive demen. Li renmen ou e Li te vini nan lemonn sa pou sove ou nan peche. Li gen yon plan pou lavi ou pou fè ou kontan.
Avan tan kòmanse, Bondye te la. Li te kreye latè ak tout bagay ki sou li. Nan amou li, li te kreye moun nan pwòp imaj li e li te mete li nan yon bèl jaden. Lòm te dezobeyi kòmandman Bondye. Dezobeyisans sa te yon peche e sa te separe lòm ak Bondye. Li te di yo pou yo ofri kòm sakrifis jenn bèt ki pafèt pou peche yo. Sakrifis sa yo pa t peye pou peche yo men sa te demontre pi gran sakrifis ke Bondye pral bay yo. Yon jou Bondye ta voye Pitit li, Jezi, sou tè sa pou li vin pi gran sakrifis la pou peche tout moun.
Èske ou se yon moun ki kontan? Laperèz ak kilpabilite peche kapab pran kontantman ou. Ou kapab mande tèt ou, “Kijan mwen ka kontan?” Mwen gen bon nouvèl pou ou! Genyen yon moun ki kapab ede ou. Li ka padone peche ou yo epi l ap ba ou kè kontan ki dirab. Non li se Jezi. Kite m pale ou sou li. Se Papa li, Bondye, ki te kreye lemonn. Li te kreye tout bagay nan lemonn. Li te kreye mwen menm avèk ou.
Mwen gen yon zanmi. Li se pi bon zanmi ke mwen pa t janm genyen. Li vrèman janti e fidèl, e mwen ta renmen ou konnen li tou. Non li se Jezi. E bagay ki pi bèl se ke li ta renmen vin zanmi ou tou. Kite m pale ou de li. Nou li istwa sa nan Labib. Labib se laverite. E se Pawòl Bondye. Se Bondye ki te kreye lemonn ak tout bagay ladann. Li se Senyè syèl la ak tè a. Li te bay lavi ak souf pou tout bagay.
March 14, 2024 in Jezi, Lamou, Zanmi, Solitid, Color 3 minutes