Nan moman sa ou vivan, w ap respire, w ap fè mouvman oubyen w ap travay. Ou kapab ap viv nan konfò oubyen w ap viv nan mizè. Solèy la leve, e li kouche; yon kote gen yon timoun k ap fèt; men tou yon lòt kote, toujou gen yon moun k ap mouri. TOUT LAVI A SE SÈLMAN YON ARANJMAN TANPORÈ. MEN KI KOTE OU PRALE APRE LANMÒ Menm si ou relijye, oubyen senpleman ou pa kwè nan okenn relijyon, ou toujou bezwen reponn kesyon trèz enpòtan sa a, paske apre yon lavi brèf sou latè, lòm prale MEN
Pi gran batay yo nan lavi a fèt andan kè a. Anpil lidè nan istwa te gen entansyon domine lòt nasyon. Konn gen kèk lidè ak dirijan egoyis ki menm fè panse pou yo domine lemonn antye. Lidè sa yo konn fòse plizyè milye sòlda antre nan batay akòz dezi pèsonèl yo pou gen pouvwa, richès ak renome. Batay espirityèl la Chwa a Chwazi Jezi jodiya!
Èske ou konn gade toutotou ou epi mande kijan tout bagay te kòmanse? Gen anpil bèt, zwazo, pyebwa, ak plant sou tè a. Ki kote yo te sòti? Èske yo te toujou egziste? Ki kote moun sòti? Gade tèt ou epi wè kijan kò ou fonksyone. Ou sèvi ak je ou pou wè, zòrèy ou pou tande, e pye ou avèk men ou pou ede ou fè mouvman e pote ou ale kote ou vle. Èske tout bagay sa yo jis rive konsa, oubyen kiyès te fè yo? Nan dezyèm jou a, li te fè syèl la.
Mari ak zanj la Kat mil ane pita, yon jenn fanm ki rele Mari te rete nan vil Nazarèt la. Li te fiyanse pou marye ak Jozèf. Yon jou yon zanj te parèt devan Mari e li di l ke li ta fè yon pitit espesyal. Li dwe rele l Jezi. Pitit sa pa ta genyen yon papa sou tè sa. Li ta Pitit Bondye. Nesans Jezi Gadò mouton yo Maj yo Rezon an pou kado Bondye
Krisyanis baze sou Bondye, Pitit li Jezi Kri, e sou Labib, ki se Pawòl Bondye. Yon Kretyen se yon moun ki kwè nan Labib e ki viv daprè ansèyman Jezi Kri. Yon lavi konsa plen ak lapè e kontantman sou tè sa e li prepare nou pou yon plas nan syèl la. Bondye Papa a Kreyasyon an e lè lòm te tonbe Bondye Pitit la Bondye Sentespri a Labib Lavi kretyen an Apre lavi
“Yo pote kèk timoun bay Jezi, pou li touche yo. Men disip yo te repwoche moun yo ki te prezante yo. Lè Jezi wè sa, sa te endiye l, li di yo: Kite timoun yo vin jwenn mwen, e pa anpeche yo; paske wayòm Bondye a se pou moun ki sanble avèk yo. Mwen di nou sa an verite, nenpòt moun ki pa resevwa wayòm Bondye a tankou yon timoun p ap antre ladan li. Epi li pran timoun yo nan bra li, li etann men li sou yo, e li beni yo” (Mak 10:13-16). Bondye se Papa Lamou Kè
“Lapè, ki kote lapè ye—pou nasyon nou, fwaye nou, e sitou pou kè nou ak lespri nou?” Kri ijan sa a te la nan tout syèk yo. Èske ou gen kri sa nan kè ou tou? Lemonn chaje ak pwoblèm e enkyetid. San dout, nou bezwen direksyon ak konsèy, sekirite ak konfyans. Nou bezwen e nou dezire yon lespri anpè. Lespri anpè—ala yon trezò! Èske nou ka jwenn trezò sa nan yon monn ki plen konfli, dezespwa, boulvès ak twoub? Lezòm nan boulvès Jezi Kri, prens lapè Repantans pote lapè pou lespri nou Lapè ki demere -Ralph Spaulding Cushman
“Ki nonm pami nou, si li gen san mouton, e si li pèdi youn ladan yo, p ap kite katrevendiznèf lòt yo nan dezè a pou ale dèyè sa ki pèdi a jouk tan li jwenn li? Lè l jwenn li, li mete l ak kontantman sou zepòl li, e lè l tounen lakay li, li rele zanmi li ak vwazen li yo, e li di: Fete ak mwen, paske mwen jwenn mouton m ki te pèdi a” (Lik 15:4-6). Jezi, vre bon bèje a Yon mouton pèdi Bèje k ap chache a Mouton an sove
Padon pa mwayen san Kris “Paske ou konnen ke se pa avèk bagay perisab. . . Men se avèk san Kris la, ki byen chè, kòm san yon ti mouton san defo e san tach” (1 Pyè 1:18-19). Nou jwenn padon pa mwayen lanmò Kris epi san li ki te koule pou peche lòm (Ebre 9:22).Annou remake sa, poutèt peche nou yo, nou ta merite lanmò etènèl. Men, poutèt amou Li ak mizèrikòd Li anvè nou, Jezi te mouri nan plas nou, pou nou kapab jwenn padon e pou peche nou yo kapab kouvri. Padon san kondisyon Vin jwenn Bondye
Yon jou, pa t gen anyen sou latè. Pa t gen pwason. Pa t gen zetwal nan syèl la. Pa t gen lanmè, e pa t gen bèl flè. Tout espas la te vid e fènwa. Men Bondye te la. Bondye te gen yon plan mèveye. Li te panse sou yon bèl lemonn, e pandan li t ap panse, li te fè l. Li te fè l san anyen. Lè Bondye te kreye yon bagay, Li te di, “Se pou li fèt,” e li te fèt! 1. Piga ou gen lòt dye pase mwen menm sèlman.
Limyè lemonn nan Labib se pawòl Bondye, laverite etènèl la. Li genyen istwa kreyasyon an, dezobeyisans lezòm anvè Bondye, ak malè ki te rive lezòm akòz peche. Li pale nou tou sou lamou Bondye genyen pou lezòm lè li fè yon plan pou rachte l. Li pale de yon Sovè ki te fèt, ki te mouri pou peche lezòm, e ki te leve sòti vivan nan lanmò pou delivrans lezòm. Nenpòt moun ki kwè mesaj li a va jwi eksperyans padon peche yo, lapè nan lespri, lamou pou tout moun, pouvwa sou peche, ak yon esperans vivan lavi etènèl la.
Idantifye taktik Satan yo pa mwayen limyè Pawòl Bondye Se pa entansyon Labib pou konsantre sou Satan ak travay li yo. Malgre sa, nou jwenn anpil enfòmasyon nan Labib ki ekspoze karaktè ak travay li. Yon fwa Satan te yon zanj, men li te fè rebèl kont Bondye, kreyatè li, e li te vle vin tankou Bondye. Pratik wayòm tenèb la pa nouvo. Se toujou menm efò yo li fè pandan tout syèk yo pou rivalize kont wayòm Bondye a. Satan ap eseye ofri nou yon lòt mwayen pase sa Bondye ap akonpli pa mwayen Sentespri a. Lekti adisyonèl:
Kiyès ou adore? Ki kote dye w la rete? Èske li vivan? Kisa li te fè pou ou jodiya? Èske ou te pale avèk li jodiya? Èske li te reponn kri kè ou? Nan kisa ou kwè? Mwen vle ede ou fè konesans ak sèl vrè Bondye a ki te venk Satan, pi gran ènmi nou an. Li se Bondye kreyasyon an, ki te kreye tout bagay ak pawòl li. Labib va ede ou konprann Bondye sa ki nan syèl, ki te kreye lòm ak pousyè latè. Li premye ak dezyèm chapit nan Jenèz.
Traka ak pwoblèm yo tout kote. Maladi, tristès, ak anpil lòt bagay mal fè pati lavi a. Ki kote tout bagay sa te kòmanse? Eske li te konsa depi lontan? Labib, pawòl Bondye a, gen tout repons pou kesyon sa yo. Premye de chapit nan Labib la pale nou de yon bèl jaden ki rele Edenn. Bondye te kreye jaden sa pou Adan e Èv. Li te fè l pou abitasyon yo. Bondye te fè Adan e Èv pafèt e san peche Li Labib ou jodiya.
Yon fwaye ki bèl Labib ban nou yon plan pou nou genyen yon fwaye ki bèl, ki byen solid, e ki kontan. Fwaye a kapab genyen lapè e kontantman, oubyen li kapab genyen tansyon ak konfli. Èske fwaye ou kontan, solid, e gen ase fòs pou li pa tonbe nan tanpèt lavi yo? Rezon ki fè kèk fwaye pa kontan Marye daprè Senyè a Maryaj vle di ke gen yon angajman pou tout lavi, pa sèlman yon kontra legal. Jezi te bay kòmandman klè sa: “Piga lòm separe sa Bondye ini.” (Matye 19:6). Yon lòd daprè Bondye Plas timoun yo
Nan kòmansman an, Bondye te kreye lemonn. Li te kreye solèy la, lalin ak zetwal yo, bèt ak plant yo. Sou sizyèm jou a, li te kreye lòm nan imaj li epi soufle nan li souf lavi a. Yon jou, yon bagay terib te rive! Adan ak Èv te peche lè yo te dezobeyi Bondye e yo te manje nan pyebwa entèdi a. Yo te vin pè Bondye e yo kache. Bondye te konnen ki kote yo te kache. Li te vini, e li rele Adan. Bondye te di li paske yo te dezobeyi, fòk yo kite bèl jaden an.
Èske ou konnen gen yon liv ki esplike jan lemonn te kòmanse? Premye pawòl nan liv sa di, “Nan kòmansman, Bondye te kreye syèl la ak tè a.” Apre pawòl sa yo, liv la di nou kijan lemonn te kreye, e kijan premye gason ak fanm nan te viv sou latè. Liv sa pa sèlman esplike nou sou kòmansman tan an, men li esplike nou sou tout sa ki va rive lè lavi sa fini. Nan tout liv sa, nou li kijan nou dwe viv pou nou prepare pou lavi apre lanmò. Li Labib jodiya!
Èske ou konnen gen yon Moun ki konnen tout bagay de ou? Se Bondye ki te kreye lemonn ak tout sa ki ladann. Jezi, Pitit Bondye a, konnen tout bagay ou fè. Li konnen tout sa ki te pase nan tan lontan, sa k ap pase jodiya, ak sa ki pral rive demen. Li renmen ou e Li te vini nan lemonn sa pou sove ou nan peche. Li gen yon plan pou lavi ou pou fè ou kontan. Jezi te di, “Ale, di mari ou e retounen kote mwen.” Li te reponn, “Mwen pa gen mari.”
Èske ou se yon moun ki kontan? Laperèz ak kilpabilite peche kapab pran kontantman ou. Ou kapab mande tèt ou, “Kijan mwen ka kontan?” Mwen gen bon nouvèl pou ou! Genyen yon moun ki kapab ede ou. Li ka padone peche ou yo epi l ap ba ou kè kontan ki dirab. Non li se Jezi. Kite m pale ou sou li. Se Papa li, Bondye, ki te kreye lemonn. Li te kreye tout bagay nan lemonn. Li te kreye mwen menm avèk ou.
Jezi se zanmi ou Mwen gen yon zanmi. Li se pi bon zanmi ke mwen pa t janm genyen. Li vrèman janti e fidèl, e mwen ta renmen ou konnen li tou. Non li se Jezi. E bagay ki pi bèl se ke li ta renmen vin zanmi ou tou. Kite m pale ou de li. Nou li istwa sa nan Labib. Labib se laverite. E se Pawòl Bondye. Se Bondye ki te kreye lemonn ak tout bagay ladann. Li se Senyè syèl la ak tè a. Li te bay lavi ak souf pou tout bagay.