Chaje endèks rechèch la...
Pa gen rechèch ki resan
Pa gen rezilta pou "Query here"
Chache pa FlexSearch
Paj w ap chache a pa egziste oubyen li deplase
Avan tan kòmanse, Bondye te la. Li te kreye latè ak tout bagay ki sou li. Nan amou li, li te kreye moun nan pwòp imaj li e li te mete li nan yon bèl jaden. Lòm te dezobeyi kòmandman Bondye. Dezobeyisans sa te yon peche e sa te separe lòm ak Bondye. Li te di yo pou yo ofri kòm sakrifis jenn bèt ki pafèt pou peche yo. Sakrifis sa yo pa t peye pou peche yo men sa te demontre pi gran sakrifis ke Bondye pral bay yo. Yon jou Bondye ta voye Pitit li, Jezi, sou tè sa pou li vin pi gran sakrifis la pou peche tout moun.
Nan moman sa ou vivan, w ap respire, w ap fè mouvman oubyen w ap travay. Ou kapab ap viv nan konfò oubyen w ap viv nan mizè. Solèy la leve, e li kouche; yon kote gen yon timoun k ap fèt; men tou yon lòt kote, toujou gen yon moun k ap mouri. TOUT LAVI A SE SÈLMAN YON ARANJMAN TANPORÈ. MEN KI KOTE OU PRALE APRE LANMÒ Menm si ou relijye, oubyen senpleman ou pa kwè nan okenn relijyon, ou toujou bezwen reponn kesyon trèz enpòtan sa a, paske apre yon lavi brèf sou latè, lòm prale
Èske ou konnen gen yon liv ki esplike jan lemonn te kòmanse? Premye pawòl nan liv sa di, “Nan kòmansman, Bondye te kreye syèl la ak tè a.” Apre pawòl sa yo, liv la di nou kijan lemonn te kreye, e kijan premye gason ak fanm nan te viv sou latè. Liv sa pa sèlman esplike nou sou kòmansman tan an, men li esplike nou sou tout sa ki va rive lè lavi sa fini. Nan tout liv sa, nou li kijan nou dwe viv pou nou prepare pou lavi apre lanmò.