Lavi Kretyen
Èske ou konn gade toutotou ou epi mande kijan tout bagay te kòmanse? Gen anpil bèt, zwazo, pyebwa, ak plant sou tè a. Ki kote yo te sòti? Èske yo te toujou egziste? Ki kote moun sòti? Gade tèt ou epi wè kijan kò ou fonksyone. Ou sèvi ak je ou pou wè, zòrèy ou pou tande, e pye ou avèk men ou pou ede ou fè mouvman e pote ou ale kote ou vle. Èske tout bagay sa yo jis rive konsa, oubyen kiyès te fè yo?
Krisyanis baze sou Bondye, Pitit li Jezi Kri, e sou Labib, ki se Pawòl Bondye. Yon Kretyen se yon moun ki kwè nan Labib e ki viv daprè ansèyman Jezi Kri. Yon lavi konsa plen ak lapè e kontantman sou tè sa e li prepare nou pou yon plas nan syèl la.
“Ki nonm pami nou, si li gen san mouton, e si li pèdi youn ladan yo, p ap kite katrevendiznèf lòt yo nan dezè a pou ale dèyè sa ki pèdi a jouk tan li jwenn li? Lè l jwenn li, li mete l ak kontantman sou zepòl li, e lè l tounen lakay li, li rele zanmi li ak vwazen li yo, e li di: Fete ak mwen, paske mwen jwenn mouton m ki te pèdi a” (Lik 15:4-6).
Èske ou jwenn padon? Avni etènèl ou depann sou repons kesyon serye sa. Labib anseye nou ke “pa genyen moun ki jis, pa menm yon sèl” (Women 3:10). Vèsè 23 nan menm chapit la di nou: "paske tout moun fè peche, e yo tout manke glwa Bondye." Nou bezwen jwenn padon Bondye si nou vle sove anba konsekans peche yo. Yon jou nou pral rankontre Senyè a nan jijman. "Paske fòk nou tout konparèt devan tribinal Kris, pou chak moun resevwa daprè byen oubyen daprè mal li te fè, lè li te nan kò li" (2 Korentyen 5:10). Nou va fè fas ak letènite, e sa trè enpòtan pou nou konnen ke nou jwenn padon. Si nou jwenn padon, n ap kapab antre nan syèl. Si nou pa jwenn padon, nou pral kondane nan lanfè etènèl ansanm ak dyab la e zanj li yo (Matye 25:31-34, 41).
Traka ak pwoblèm yo tout kote. Maladi, tristès, ak anpil lòt bagay mal fè pati lavi a. Ki kote tout bagay sa te kòmanse? Eske li te konsa depi lontan? Labib, pawòl Bondye a, gen tout repons pou kesyon sa yo. Premye de chapit nan Labib la pale nou de yon bèl jaden ki rele Edenn. Bondye te kreye jaden sa pou Adan e Èv. Li te fè l pou abitasyon yo. Bondye te fè Adan e Èv pafèt e san peche
Èske ou konnen gen yon liv ki esplike jan lemonn te kòmanse? Premye pawòl nan liv sa di, “Nan kòmansman, Bondye te kreye syèl la ak tè a.” Apre pawòl sa yo, liv la di nou kijan lemonn te kreye, e kijan premye gason ak fanm nan te viv sou latè. Liv sa pa sèlman esplike nou sou kòmansman tan an, men li esplike nou sou tout sa ki va rive lè lavi sa fini. Nan tout liv sa, nou li kijan nou dwe viv pou nou prepare pou lavi apre lanmò.