Bwochi

Labib se pawòl Bondye, laverite etènèl la. Li genyen istwa kreyasyon an, dezobeyisans lezòm anvè Bondye, ak malè ki te rive lezòm akòz peche. Li pale nou tou sou lamou Bondye genyen pou lezòm lè li fè yon plan pou rachte l. Li pale de yon Sovè ki te fèt, ki te mouri pou peche lezòm, e ki te leve sòti vivan nan lanmò pou delivrans lezòm. Nenpòt moun ki kwè mesaj li a va jwi eksperyans padon peche yo, lapè nan lespri, lamou pou tout moun, pouvwa sou peche, ak yon esperans vivan lavi etènèl la.

Sali 12 minutes

Se pa entansyon Labib pou konsantre sou Satan ak travay li yo. Malgre sa, nou jwenn anpil enfòmasyon nan Labib ki ekspoze karaktè ak travay li. Yon fwa Satan te yon zanj, men li te fè rebèl kont Bondye, kreyatè li, e li te vle vin tankou Bondye. Pratik wayòm tenèb la pa nouvo. Se toujou menm efò yo li fè pandan tout syèk yo pou rivalize kont wayòm Bondye a. Satan ap eseye ofri nou yon lòt mwayen pase sa Bondye ap akonpli pa mwayen Sentespri a.

Sali 7 minutes

Tout moun fè adorasyon. Gen moun ki adore yon bagay, gen moun ki adore yon lòt moun, gen moun ki adore yon imaj, e gen lòt moun ki adore tèt yo. Yo demontre devosyon yo pou dye yo nan plizyè fason. Pandan tout moun sa yo bay devosyon yo devan dye sa yo, yo toujou gen yon dezi ak yon anvi nan kè yo. Moun sa yo ka sèlman jwenn yon soulajman tanporè pou kri nanm yo ak yon ti ti kouraj pou fè fas ak demen. Sa fè yo tris lè yo wè fiti yo sanble menm jan ak jou pase yo. Dye y ap sèvi a pa kapab ranpli espas vid sa nan lavi yo.

Jezi 3 minutes

Traka ak pwoblèm yo tout kote. Maladi, tristès, ak anpil lòt bagay mal fè pati lavi a. Ki kote tout bagay sa te kòmanse? Eske li te konsa depi lontan? Labib, pawòl Bondye a, gen tout repons pou kesyon sa yo. Premye de chapit nan Labib la pale nou de yon bèl jaden ki rele Edenn. Bondye te kreye jaden sa pou Adan e Èv. Li te fè l pou abitasyon yo. Bondye te fè Adan e Èv pafèt e san peche

Lavi Kretyen, Color 5 minutes

Labib ban nou yon plan pou nou genyen yon fwaye ki bèl, ki byen solid, e ki kontan. Fwaye a kapab genyen lapè e kontantman, oubyen li kapab genyen tansyon ak konfli. Èske fwaye ou kontan, solid, e gen ase fòs pou li pa tonbe nan tanpèt lavi yo? Fwaye a se yon pati nan sosyete ki enpòtan. Bondye te fè plan sa pou devlopman espirityèl nou, kontantman emosyonèl nou, epi satisfaksyon fizik nou. Bondye te toujou gen plan sa pou manm fwaye yo ede youn ak lòt jwenn kontantman e pou fanmi yo viv nan lapè.

Fanmi 7 minutes
Avni, Levanjil, Syèl La, Color 3 minutes

Èske ou konnen gen yon liv ki esplike jan lemonn te kòmanse? Premye pawòl nan liv sa di, “Nan kòmansman, Bondye te kreye syèl la ak tè a.” Apre pawòl sa yo, liv la di nou kijan lemonn te kreye, e kijan premye gason ak fanm nan te viv sou latè. Liv sa pa sèlman esplike nou sou kòmansman tan an, men li esplike nou sou tout sa ki va rive lè lavi sa fini. Nan tout liv sa, nou li kijan nou dwe viv pou nou prepare pou lavi apre lanmò.

Lavi Kretyen, Levanjil, Color 4 minutes

Èske ou se yon moun ki kontan? Laperèz ak kilpabilite peche kapab pran kontantman ou. Ou kapab mande tèt ou, “Kijan mwen ka kontan?” Mwen gen bon nouvèl pou ou! Genyen yon moun ki kapab ede ou. Li ka padone peche ou yo epi l ap ba ou kè kontan ki dirab. Non li se Jezi. Kite m pale ou sou li. Se Papa li, Bondye, ki te kreye lemonn. Li te kreye tout bagay nan lemonn. Li te kreye mwen menm avèk ou.

Jezi, Color 4 minutes